Sòm 99:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te pale ak yo nan pilye nwaj la. Yo te kenbe temwayaj Li yo, avèk règleman ke Li te bay yo. 1998 Haïtienne Li rete nan poto nyaj la, li pale ak yo. Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo. |
SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, Mwen va vini kote ou nan yon nwaj byen fonse, pou pèp la kapab tande lè M pale avèk ou, e pou yo kapab kwè nan ou pou tout tan.” Alò, Moïse te di SENYÈ a pawòl a pèp la.
Nenpòt lè Moïse te antre nan tant lan, pilye a nwaj la te konn desann e kanpe nan antre tant lan; epi SENYÈ a ta pale avèk Moïse.
Epi SENYÈ a te desann nan yon pilye nwaj. Li te kanpe nan pòtay tant asanble a, e Li te rele Aaron avèk Marie. Yo toude te vin avanse.
Alò Moïse te vin byen fache. Li te di a SENYÈ a: “Pa aksepte ofrann pa yo! Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.”
Li te di de papa l avèk manman l: “Mwen pa t wè li.” Li pa t rekonèt pwòp frè pa li, ni fis li yo pwiske yo te swiv pawòl Ou e te kenbe akò Ou.
“Nou wè, mwen te enstwi nou règleman avèk jijman yo jis jan SENYÈ a, Bondye mwen an, te kòmande mwen an, pou nou ta fè konsa nan peyi kote nou ap antre pou posede a.