Sòm 82:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sepandan, nou va mouri tankou moun, e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.” 1998 Haïtienne Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf. |
Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’, nan prezans a sila ki te touye ou a? Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye, nan men a sila ki blese ou yo.
pou tout pyebwa akote dlo yo pa ka vin leve tèt yo wo nan wotè yo. Pwisan pa yo p ap mete tèt yo pami nwaj yo, menm sa yo akote sous dlo yo pa ka kanpe dwat nan wotè yo. Paske yo tout te livre a lanmò, pou rive anba tè pami fis a lòm yo, ak sila ki desann nan twou fòs yo.’