Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan; Baton ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an.
Sòm 2:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an. 1998 Haïtienne Li di: — Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an. |
Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan; Baton ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an.
“Senyè BONDYE a di: ‘Anplis, Mwen va pran yon ti branch piti soti anlè pye sèd la e Mwen va plante li. Mwen va rache nan pi wo pwent a jenn ti boujon li yo, youn ki piti e ki mou e Mwen va plante li sou yon mòn ki byen wo.
“Nan jou a wa sila yo, Bondye syèl yo va etabli yon wayòm ki p ap janm detwi, e wayòm sa a p ap lese pou yon lòt pèp. Li va kraze e mete fen a tout wayòm sila yo, men li va, li menm dire pou tout tan.
Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’”
Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.
Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la,
Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole,
Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.