Sòm 139:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Si mwen monte nan syèl la, Ou la. Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la. 1998 Haïtienne Si m moute nan syèl la, se la ou ye. Si m desann kote mò yo ye a, ou la tou. |
Èske yon nonm ka kache kò l yon kote kachèt pou M pa wè l?” deklare SENYÈ a? “Èske Mwen pa ranpli syèl yo ak tè a?” deklare SENYÈ a?”
“Menmsi nou bati anlè tankou èg, menmsi nou mete nich nou pami zetwal yo, mwen va rale nou fè nou desann soti la,” deklare SENYÈ a.
Li te di: “Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a, e Li te reponn mwen. Mwen te kriye pou sekou depi nan pwofondè sejou mò yo. Ou te tande vwa mwen.