Sòm 139:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen, Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm. 1998 Haïtienne Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gentan konnen tou sa mwen pral di. |
Ou te mande: ‘Kilès sila ki kache konsèy san konesans lan?’” “Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan; bagay twò etonnan pou mwen, ke m pa t konnen yo.
Kite pawòl bouch mwen a avèk refleksyon kè m vin akseptab devan zye Ou, O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.
akoz yo te aji ak foli an Israël. Yo te komèt adiltè ak madanm a vwazen yo, e yo te pale manti nan non Mwen, ke M pa t janm kòmande yo fè. Mwen se Sila ki konnen, e Mwen se temwen,” deklare SENYÈ a.’”
Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki deside sou sa yo fin bwe, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!”
Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.