Èske Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou? Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?
Sòm 139:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo. Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m. 1998 Haïtienne Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m. |
Èske Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou? Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?
Pa Ou menm, mwen te twouve soutyen depi lè m te fèt. Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m. Tout tan se Ou menm ke m louwe.
Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène. Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.
Konsa pale SENYÈ ki te fè ou a, ki te fòme ou soti nan vant lan, ki va bay ou soutyen, kap di: ‘Pa pè, O Jacob, sèvitè Mwen an; ak ou menm Israël ke M te chwazi a.
Koute Mwen, O lakay Jacob ak tout retay lakay Israël la; nou menm ki te pote menm depi nan nesans, ki te pote depi nan vant.
Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou, e avan ou te fèt mwen te konsakre ou. Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.
Si tout kò a te yon zye, kote zòrèy la t ap ye? Si tout kò a te sèl zòrèy, kote nen pou santi t ap ye?