Sòm 102:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen sanble ak yon grangozye nan dezè. Mwen tankou yon frize nan gran savann. 1998 Haïtienne (7) Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze. |
Tankou yon iwondèl, tankou yon zwazo se konsa mwen kriye. Mwen plenyen kon yon toutrèl. Zye m gade ak feblès vè wotè yo. O Senyè, mwen oprime! Fè m sekou!
Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò. Mwen oblije ale pye atè ak toutouni. Mwen oblije fè lamantasyon tankou chen mawon, plenyen tankou otrich!
Bann bèt sovaj va vin kouche nan mitan l, tout kalite bèt yo. Grangozye, ni zagoudi va vin rete sou gran vil li yo. Vwa yo va chante nan fenèt yo. Papòt yo va rete dezole, paske Li te devwale nèt tout gran travès bwa sèd yo.
Epi li te kriye avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Tonbe, tonbe, se Babylone Le Gran! Li gen tan vini yon kote pou dyab rete, ak yon prizon pou tout kalite lespri sal, e yon prizon pou tout kalite zwazo sal e abominab.