Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Miche 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò. Mwen oblije ale pye atè ak toutouni. Mwen oblije fè lamantasyon tankou chen mawon, plenyen tankou otrich!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Lèfini, Miche di: Se poutèt sa, m'ap plenn, m'ap kriye. M'ap pwonmennen mache pye atè, toutouni, pou mwen fè wè lapenn mwen. M'ap rele tankou grankola. M'ap wouke tankou chen.

Gade chapit la Kopi




Miche 1:8
19 Referans Kwoze  

Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias, Sanchérib la, wa Assyrie a te vin monte kont tout vil fòtifye Juda yo, e li te sezi yo.


Lè Mardochée te vin aprann tout sa ki te fèt yo, li te chire rad li. Li te mete twal sak avèk sann sou li, te ale deyò nan mitan lavil la, e te kriye byen fò anlè avèk amètim.


Mwen te vin frè ak chen mawon, zanmi ak otrich la.


Mwen sanble ak yon grangozye nan dezè. Mwen tankou yon frize nan gran savann.


Men se bèt sovaj dezè ki va kouche la, e lakay yo va plen jakal. Anplis, otrich va viv la e kabrit mawon k ap vòltije la.


Chat mawon va plenyen nan fò ki wo yo, e jakal yo nan bèl palè yo. Move lè pa li a va rive ase vit e jou li yo p ap pwolonje.


Pou sa, Mwen va kriye byen fò pou Jaezer, pou chan Sibma a. Mwen va tranpe nou nèt ak dlo k ap sòti nan zye m, O Hesbon ak Élealé, paske sou fwi gran sezon nou yo ak rekòlt nou yo gen gwo lagè.


Pou rezon sa a, kwis mwen plen doulè. Gwo lapèn sezi mwen tankou doulè a fanm ansent. Mwen tèlman twouble ke m pa ka tande. Mwen tèlman pè ke m pa ka wè.


Akoz sa, mwen di nou: “Tounen zye nou byen lwen m; kite mwen kriye byen fò, pa eseye rekonfòte m pou destriksyon a fi a pèp mwen an.”


Tranble, fanm alèz yo; twouble, nou menm ki san pridans! Retire rad nou, dezabiye nou e mete twal sak nan senti nou.


Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a.


O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!


Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri ak dèy pou patiraj dezè a, gwo plent, akoz yo vin brile nèt, jiskaske pèsòn pa pase ladann. Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò; ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale; yo ale nèt.


Paske vwa ki rele anmwey la tande soti nan Sion: ‘A la detwi nou vin detwi nèt! Nou te vin mete nan gwo wont, paske nou te kite peyi la, akoz yo te kraze tout lakay nou yo.’”


“Fis a lòm, rele anmwey pou gwo foul a Égypte yo. Desann yo menm ak fi a nasyon pwisan yo, jis rive nan pwofondè tè a, ansanm avèk sila ki desann nan twou fòs yo.


Nan jou sa a, yo va fè leve kont nou yon pawòl; mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris. Yo va di: ‘Nou fin detwi nèt! Li divize eritaj a pèp mwen an. A la retire, Li retire l nan men mwen! Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’”


Anplis, li te retire rad li, li tou te pwofetize devan Samuel e li te kouche toutouni tout jounen an ak tout nwit lan. Pou sa, yo konn di: “Èske Saül, osi, pami pwofèt yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite