Sòm 1:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mechan yo pa konsa. Yo tankou pay ke van an pouse ale. 1998 Haïtienne Men, e p'ap menm bagay pou mechan yo. Yo tankou pay van ap gaye. |
Konsa, li mouri nèt, e vwala, li pa t la ankò. Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.
Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt.
Men fòs kantite a lènmi ou yo va devni tankou pousyè fen e fòs kantite a mechan san prensip yo va tankou pay k ap vannen ale. Sa va fèt nan yon moman; sibitman.
Akoz sa, yo va tankou nwaj nan maten an ak lawouze k ap disparèt bonè, tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen, e tankou Lafimen soti nan chemine.
Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”