Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Rit 4:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò, Boaz te di a lansyen yo ak tout pèp la: “Nou se temwen jodi a ke mwen te achte soti nan men Naomi tout sa ki te pou Élimélec yo ak tout sa ki te pou Kiljon avèk Machlon yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè sa a, Bòz di chèf fanmi yo ak lòt moun yo ki te la a: — Nou tout nou temwen, pa vre! Jòdi a, yo ban m dwa achte nan men Nawomi tou sa ki te pou Elimelèk ak de pitit gason l yo, Maklon ak Kiljon.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Bowaz pran lapawòl, li di dis notab yo ak tout lòt moun ki te la yo: “Nou tout sèvi m temwen. Jodi a m achte nan men Nawomi pòsyon tè ki te pou Elimelèk la ak tout sa ki te pou pitit li yo Kilyon ak Malon.

Gade chapit la



Rit 4:9
6 Referans Kwoze  

“Non, mèt mwen, koute mwen; mwen ba ou chan an, e mwen ba ou kav ki ladann nan. Nan prezans a tout fis a pèp mwen yo, mwen ba ou li pou ou fè antèman mò ou a.”


Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te antre nan peyi Moab la pou te demere la.


Anplis, mwen te pran Ruth, Moabit la, vèv a Machlon an, kon madanm mwen, jis pou non a mò a kapab leve sou eritaj pa li. Pou non a mò a pa vin dekoupe soti nan frè li yo, ni nan rejis tribinal nesans li a. Nou se temwen jodi a.”


Konsa, pwòch fanmi an te di Boaz: “Achte li pou kont ou.” Epi li te retire sandal li.