Pwovèb 8:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Akote pòtay yo, nan ouvèti vil la, nan antre pòtay yo, li kriye fò: 1998 Haïtienne L'ap pale byen fò bò pòtay lavil la, sou tout papòt yo, l'ap di: |
Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò. Nan antre pòtay lari yo, li fè moun tande tout pawòl li yo:
Pou sa, ale nan gran wout yo, epi tout sila nou twouve la yo, envite yo nan fèt maryaj la.’
Jésus te reponn Li: “Mwen pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè.