Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 1:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò. Nan antre pòtay lari yo, li fè moun tande tout pawòl li yo:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 1:21
9 Referans Kwoze  

Sajès rele fò nan lari. Li leve vwa li nan plas la.


“Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?


Èske sajès pa rele? Èske bon konprann pa leve vwa li?


Akote pòtay yo, nan ouvèti vil la, nan antre pòtay yo, li kriye fò:


Li voye demwazèl li yo deyò, li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:


Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la.


Yon gran foul te rasanble bò kote L, epi Li te antre chita nan yon kannòt. Foul la te kanpe arebò lanmè a.


Jésus te reponn Li: “Mwen pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè.


“Ale, kanpe pale ak pèp la nan tanp lan tout pawòl lavi a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite