Pwovèb 7:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo, lap kache tan nan tout kwen. 1998 Haïtienne Li toupatou nan lari, sou laplas, nan tout kalfou. L'ap veye, je l toupatou. |
ki t ap pase nan lari a toupre kwen kay fanm nan. Konsa, li pran chemen pou rive lakay li,
Paske lontan sa, Mwen te kraze jouk ou a. Mwen te chire kòd mare ou yo. Men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’ Paske sou chak kolin ki wo, e anba chak bwa vèt, ou te kouche tankou pwostitiye.
A la byen ou prepare chemen ou pou chache lanmou! Konsa, menm fanm mechan yo, ou te enstwi nan chemen ou yo.
Poukisa ou mache toupatou konsa nan chanje wout ou? Anplis, Égypte va fè ou wont, menm jan ke Assyrie te fè ou wont lan.
“Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou.
Lè ou te bati lotèl ou yo nan pwent a tout lari a, e te fè wo plas ou yo tout kote yo, san menm mande kòb, ou pa t sanble a yon pwostitiye.
Menm limyè a yon lanp p ap briye nan ou, e vwa jennonm ak jenn fi k ap marye yo p ap tande nan ou ankò. “Paske machann ou yo te gwo moun sou latè, epi tout nasyon yo te twonpe pa wanga ou a.
Paske tout nasyon yo te bwè diven a pasyon imoralite li a, wa latè yo te komèt zak imoralite avè l, e machann latè yo te vin rich avèk richès sansyalite li yo.”