Pwovèb 5:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, fis mwen yo, koute mwen, e pa bliye pawòl a bouch mwen yo. 1998 Haïtienne Kounyeya, pitit mwen yo, koute m byen. Pa janm bliye sa m pral di nou la a. |
Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa, e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la.