Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”
Pwovèb 4:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, li te enstwi mwen e te di mwen: “Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen; kenbe lòd mwen yo pou ou viv. 1998 Haïtienne Papa m t'ap moutre m anpil bagay. Li te konn di m: Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv. |
Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”
“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.
Mwen kenbe òdonans Ou yo avèk temwayaj Ou yo, Paske se tout chemen mwen yo ki devan Ou. TAV
Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale, e lè li vin gran, li p ap kite li; menm lè l granmoun, li p ap kite li.
Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
Men Jérémie te di: “Yo p ap livre ou nan men yo. Souple, obeyi SENYÈ a nan sa ke m ap di ou a, pou l ka ale byen pou ou, e pou ou kapab viv.
E Mwen konnen ke kòmandman Li se lavi etènèl. Pou sa, se konsa Mwen pale; menm sa ke Papa a di Mwen yo, konsa Mwen pale.”
Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
“Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo.
Paske mwen sonje lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou.
Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
Epi apre, lè L te vin pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la,
Manoach te di: “Alò, lè pawòl ou yo vin akonpli, kijan de vi ak vokasyon gason sila a va genyen?”