Pwovèb 4:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pa vire ni adwat ni agoch; fè pye ou vire kite mal. 1998 Haïtienne Pa vire ni adwat ni agòch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal. |
Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal; sila ki veye chemen li an prezève lavi li.
Lave nou pou nou vin pwòp; retire zak malonèt nou yo devan zye M. Sispann fè mechanste.
“Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l.
epi pa vire akote okenn nan pawòl ke mwen kòmande nou jodi a, ni adwat, ni agoch, pou ale apre lòt dye yo pou sèvi yo.
“Pou sa, nou va swiv e fè ojis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an. Nou pa pou vire ni adwat, ni agoch.
“Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.