Pwovèb 4:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Veye wout pye ou konn pran e tout chemen ou yo va byen etabli. 1998 Haïtienne Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou. |
Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a, sòti deyò gwo ma ajil la. Li te mete pye m sou wòch la e te fè m kanpe byen fèm.
Foli se gwo plezi pou sila ki manke bon konprann nan; men yon nonm ak bon konprann mache dwat.
Akoz li te konsidere, e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo, li va anverite viv. Li p ap mouri.
Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj.
Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.
epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.
Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.