Pwovèb 24:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon; wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute. 1998 Haïtienne Pitit mwen, bwè siwo myèl, sa bon pou ou. Menm jan siwo myèl k'ap koule sòti nan gato myèl dous nan bouch ou, |
Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen. Yo pi dous pase myèl, pase siwo a ki tonbe nan gato myèl la.
Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl; siwo myèl ak lèt anba lang ou. Bon odè vètman ou tankou bon odè Liban an.
Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen, fi a maryaj mwen an. Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen. Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen; mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen. Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!
Li va manje bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon.
Alò, Jean li menm te gen yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj.
Konsa, li te fè yon grate lasi ak siwo myèl nan men li e li te fè wout li pandan li t ap manje. Lè li te vin kote papa l avèk manman l, li te bay yo, e yo te manje. Men li pa t di yo ke li te grate siwo a sòti nan kò lyon an.
Men Jonathan pa t ankò tande lè papa l te mete pèp la anba sèman an. Pou sa, li te lonje baton ki te nan men l lan, li te fonse li nan gato myèl la, li te mete men l nan bouch li e zye li te vin limen.