Pwovèb 24:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Delivre sila k ap mennen vè lanmò a, ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a. O, kenbe yo! 1998 Haïtienne Delivre moun y'ap trennen pou y'al touye. Sove moun y'ap bourade pou y'al egzekite. |
Mwen te aflije e prèt pou mouri depi nan jenès mwen. Pandan mwen soufri gwo laperèz Ou yo, mwen distrè nèt.
Konsa, yo tout te sezi Sosthène, mèt sinagòg la, e te kòmanse bat li devan chèz jijman an. Men Gallion pa t okipe bagay sa yo menm.
Pandan konfli a t ap devlope, kòmandan an te pè pou yo pa ta chire Paul an mòso. Konsa, li te kòmande sòlda yo pou desann, retire li pami yo ak lafòs, e mennen l nan kazèn nan.