Men koulye a, se sou ou sa rive, e ou pa gen pasyans. Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
Pwovèb 24:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò. 1998 Haïtienne Si jou malè ou pa gen kouray pou kenbe, ou pat janm gen fòs vre. |
Men koulye a, se sou ou sa rive, e ou pa gen pasyans. Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
Alò, pa kite kè nou vin febli e pa pè rapò k ap tande nan tout peyi a, paske rapò a va rive nan yon ane, e apre yon lòt rapò nan yon lòt ane, gen vyolans nan peyi a, e yon wa kont yon lòt wa.
Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje.
Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pasepou nou yo, paske yo se glwa nou.
“Konsa, ofisye yo va pale plis avèk pèp la pou di: ‘Kilès nan mesye yo ki gen laperèz oswa ki manke gen kouraj? Kite li sòti retounen lakay li pou li pa fè kè frè li yo fann tankou kè pa li.’
Mwen konnen kote nou rete, kote twòn a Satan an ye. Nou kenbe fèm nan Non Mwen, e nou pa t nye lafwa nan Mwen an, menm nan jou Antipas yo, temwen Mwen an, fidèl Mwen an, ki te touye pami nou, kote Satan rete a.
Konsa, David te di nan tèt li: “Alò, yon jou mwen va peri nan men Saül. Nanpwen anyen k ap pi bon pou mwen pase pou m chape ale nan peyi Filisten yo. Konsa, Saül va dekouraje nan chache mwen toujou sou tout teritwa Israël la, e mwen va chape nan men li.”