Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 20:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Konsa, ofisye yo va pale plis avèk pèp la pou di: ‘Kilès nan mesye yo ki gen laperèz oswa ki manke gen kouraj? Kite li sòti retounen lakay li pou li pa fè kè frè li yo fann tankou kè pa li.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Apre sa, chèf yo va di sòlda yo ankò: — Eske gen yon moun la a ki pè, ki santi li pa gen kouray pou l'al goumen? Si gen yon moun konsa, pito l'al fè wout li lakay li, paske li ka kraze kouray lòt yo tou.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 20:8
14 Referans Kwoze  

Pou sa, vin pwoklame nan zòrèy a tout pèp la, e di: ‘Nenpòt moun ki gen lakrent e k ap tranble, ke li retounen sòti nan Mòn Galaad.’” Konsa, venn-de-mil moun te retounen; men te gen di-mil moun ki te rete.


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


Kibò nou kab monte?’ Frè nou yo te fè kè nou fann. Yo te di: ‘Pèp la pi gran e piwo pase nou! Vil yo gran e fòtifye jis rive nan syèl la!’ Anplis, nou te wè fis a Anak yo la!”


“Donk, paske nou tyèd, e nou pa cho ni frèt, Mwen va krache nou sòti nan bouch Mwen.


Men Jésus te di li: “Nenpòt moun ki mete men li sou cha a pou gade pa dèyè pa dign de wayòm Bondye a.”


Lè nou sòti kòm yon lame kont lènmi nou yo, nou va evite tout kalite move bagay.


Paske, lè yo te monte nan vale Eschcol pou te wè peyi a, yo te dekouraje fis Israël yo jiskaske yo pa t antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a.


Men mesye ki te monte avè l yo te di: “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.”


Epi chèf Édom yo vin sezi. Gèrye nan Moab yo pran tranble. Tout abitan Canaan yo te fonn e vin disparèt.


Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”


Lè ofisye yo fin pale ak pèp la, yo va chwazi kòmandan lame yo kòm chèf an tèt pèp la.


Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite