Pwovèb 14:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal; men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen. 1998 Haïtienne Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon. |
Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: “Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.”
Alò, li te di: “Si yo sòti pou fè lapè, pran yo vivan; oswa si yo te sòti pou fè lagè, pran yo vivan.”
Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye.
Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.
Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”
Paske chemen kwochi a moun san konprann yo va touye yo. Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.
Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal; sila ki veye chemen li an prezève lavi li.
Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li; men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a! Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.
Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann, moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.
Sibitman, li swiv li tankou yon bèf k ap monte labatwa, tankou moun sòt kab mache rive nan ne koulan an.
Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te kouche anba Balaam. Pou sa, Balaam te fache e li te frape bourik la avèk baton li.
Sila nan Farizyen yo ki te avèk Li te tande bagay sa yo e te di Li: “Èske se nou menm ki avèg tou a?”