Pwovèb 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou, e pa abandone leson a manman ou yo; 1998 Haïtienne Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou! |
“Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, kòbo nan vale a va vin rache l, e jenn èg yo va manje li.
Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo, ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè mèt mwen yo.
Nou te obeyi a vwa Jonadab, fis a Récab la, papa nou, nan tout sa li te kòmande nou, pou pa bwè diven pandan tout jou nou yo, nou menm, madanm nou, fis nou yo ak fi nou yo,
“‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”
Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.
Paske mwen sonje lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou.
Konsa, li te desann kote glasi vannen an pou te fè selon tout sa ke bèlmè li te kòmande li yo.
Si yon nonm vin peche kont yon lòt, Bondye va entèsede pou li. Men si yon nonm peche kont SENYÈ a, se kilès ki kab entèsede pou li?” Men yo pa t koute vwa a papa yo, paske SENYÈ a te vle mete yo a lanmò.