Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans, e ane pa yo va ranpli ak rejwisans.
Pwovèb 1:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men sila ki koute mwen an va viv ansekirite, e li va rete alèz san pè malè.” 1998 Haïtienne Men, moun ki koute sa m di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen. |
Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans, e ane pa yo va ranpli ak rejwisans.
Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo.
Sila ki rete fèm nan panse li yo, Ou va kenbe nan lapè pafè, akoz li gen konfyans nan Ou.
Epi zèv ladwati a va lapè, e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans k ap dire jis pou tout tan.
Si sèlman ou te okipe kòmandman Mwen yo! Konsa afè ou t ap mache byen tankou yon rivyè, e ladwati ou tankou lam lanmè yo.
Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
“‘Se konsa ke nou va obsève règleman Mwen yo e kenbe jijman Mwen yo, pou akonpli yo, pou nou kapab viv an sekirite sou tè a.
“‘Konsa, tè a va donnen pwodwi li pou nou kapab manje vant plen, e viv an sekirite sou tè a.’”
Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”
Lè nou tande afè lagè, avèk boulvèsman, pa enkyete; paske fòk bagay sa yo rive avan, men lafen an poko ap rive.”
ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.