Pwovèb 1:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò. Nan antre pòtay lari yo, li fè moun tande tout pawòl li yo: 1998 Haïtienne L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande. |
“Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?
Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la.
Yon gran foul te rasanble bò kote L, epi Li te antre chita nan yon kannòt. Foul la te kanpe arebò lanmè a.
Jésus te reponn Li: “Mwen pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè.