Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 1:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Nou va jwenn tout kalite byen presye, nou va ranpli lakay nou ak piyaj.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran.

Gade chapit la



Pwovèb 1:13
14 Referans Kwoze  

Annou vale yo vivan tankou Sejou mò yo, menm an antye tankou sila k ap desann nan fòs yo.


Tire osò pa ou ansanm ak nou. Nou tout va gen yon sèl bous”—


Se konsa tout chemen yo ye a pou tout moun ki vin genyen pa mwayen vyolans. Se pwòp lavi yo kap vin rache.


Li pi bon pou rete enb nan lespri avèk sila ki ba yo, pase divize piyaj ak moun ògeye yo.


“Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a, “sila yo k ap kache piyaj yo ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”


Pwoklame sou sitadèl Asdod yo, ak sitadèl peyi Égypte yo. Di yo konsa: Rasanble nou sou mòn Samarie yo pou wè gwo zen ki anndan yo, ak opresyon ki nan mitan yo.


Lyon an te kon chire viktim yo an mòso ase pou manje ti lyon li yo. Li te touye pou manman lyon li yo. Li te plen kav li ak chè ki dechire e tanyè li ak viktim.


‘Denyè glwa kay sa a, va pi gran ke ansyen an,’ pale SENYÈ dèzame yo: ‘Epi nan plas sa a, Mwen va bay Lapè’, deklare SENYÈ dèzame yo.”


Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”