Avèk yon pilye nwaj, Ou te mennen pèp la pandan lajounen, e avèk yon pilye dife pandan lannwit, pou limen chemen yo sou sila yo ta dwe mache yo.
Nonb 9:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Si, pafwa nwaj la te rete soti nan aswè pou jis rive nan maten, lè nwaj la te leve nan maten, yo te deplase; oswa, si li te rete nan lajounen ak lannwit, nenpòt lè ke nwaj la te leve a, yo te vin pati. 1998 Haïtienne Gen de lè nyaj la rete sèlman pou yon nwit anwo tant lan, depi aswè jouk nan denmen maten. Leve nyaj la leve nan maten, yo menm tou yo leve, yo pati. Gen de fwa tou, li te rete yon jou yon nwit. Leve nyaj la leve, yo menm tou yo leve, yo pati. |
Avèk yon pilye nwaj, Ou te mennen pèp la pandan lajounen, e avèk yon pilye dife pandan lannwit, pou limen chemen yo sou sila yo ta dwe mache yo.
Ou menm, nan gran mizerikòd Ou, pa t abandone yo nan dezè. Pilye nwaj la pa t kite yo pandan lajounen, pou gide yo nan chemen yo, ni pilye dife a pandan lannwit, pou klere pou yo chemen an, e montre yo direksyon ke yo dwe ale.
Si, pafwa nwaj la te rete kèk jou sou tabènak la, selon kòmand SENYÈ a, yo te rete nan kan an. Epi selon kòmand SENYÈ a, yo te vin pati.
Sof ke se te pou de jou, oswa yon mwa, oswa 1 nan ke nwaj la te mize sou tabènak la, depi li rete anwo li, fis Israël yo te rete nan kan an. Yo pa t pati. Men lè li te vin leve, yo te pati.