Epi nou pa pou kite anyen nan li pou maten men nenpòt sa ki rete nan li, nan maten nou va brile li nan dife.
Nonb 9:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo p ap kite anyen ladann pou rive nan maten, ni kase okenn zo ladann. Selon tout règleman a Pak la, yo va obsève li. 1998 Haïtienne Yo p'ap gendwa kite anyen pou denmen maten, ni yo pa fèt pou yo kraze okenn zo bèt yo touye a. Y'a fè tout bagay dapre regleman mwen bay pou fete fèt Delivrans lan. |
Epi nou pa pou kite anyen nan li pou maten men nenpòt sa ki rete nan li, nan maten nou va brile li nan dife.
SENYÈ a te di a Moise avèk Aaron: “Sa se òdonans Pak la. Okenn etranje pa pou manje li;
“Li oblije manje nan yon sèl kay. Nou pa pou mennen okenn nan chè a andeyò kay la, ni nou pa pou kase okenn nan zo li.
“‘Yo va manje chè a menm nwit lan, boukannen li nan dife, e yo va manje li avèk pen san ledven, ak zèb anmè.
Paske pandan tout vwayaj yo, nyaj SENYÈ a te sou tabènak la nan lajounen, e li te gen dife ladann lannwit, devan zye a tout kay Israël la.
Nan katòzyèm jou nan mwa sa a, nan aswè avan li fènwa, nou va obsève li nan lè apwente a. Nou va obsève li avèk tout règleman e avèk tout òdonans li yo.”
Paske bagay sa yo te vin pase, pou Lekriti a ta kapab akonpli “Pa menm yon zo nan Li va kase.”