Nonb 36:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, nanpwen eritaj nan fis Israël yo ki va transfere de tribi a tribi, paske fis Israël yo va chak kenbe eritaj a tribi zansèt yo. 1998 Haïtienne Pòsyon tè yon branch fanmi pa gendwa pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè yon fanmi va toujou rete nan fanmi an. |
Chak fi ki vin posede yon eritaj nan yon tribi a fis Israël yo va madanm a yon moun ki nan fanmi tribi zansèt papa li a, pou chak fis Israël yo kapab posede eritaj a zansèt pa yo.
Konsa nanpwen eritaj k ap transfere de yon tribi rive nan yon lòt tribi. Paske, tribi a fis Israël yo va chak kenbe nan pwòp eritaj pa yo.’”
Alò, pou sa, souple kite mèt mwen, wa a, koute pawòl a sèvitè li yo. Si SENYÈ a te boulvèse ou kont mwen, kite Li aksepte yon ofrann. Men si se lèzòm, modi yo ye devan SENYÈ a. Paske yo te chase mwen sòti jodi a pou fè m pa atache ankò a eritaj SENYÈ a. Yo di: ‘Ale sèvi lòt dye yo.’