Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis, epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.
Nonb 30:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men si papa li ta anpeche li nan jou ke li tande sa a, okenn nan ve sa yo ni angajman pa sila li te mare tèt li yo, p ap kanpe. SENYÈ a va padone li akoz ke papa li te anpeche li. 1998 Haïtienne Men, si lè papa a vin konn sa, li fè opozisyon, ni ve jenn fi a te pran yo ni pwomès li te fè yo pa kenbe ankò: yo pa vo anyen. Senyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l anyen, paske se pa fòt li. Se papa l ki derefize kite l kenbe pawòl li. |
Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis, epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.
epi mari li te tande sa; men pa t di anyen a li menm, e li pa t anpeche li; alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, va vin kanpe.
epi papa li te tande ve li a, angajman pa sila li te mare tèt li a, e papa li pa di li anyen, alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, yo va kanpe.
“Si li ta marye pandan li anba ve oswa sèman a bouch li ki te manke sajès la, pa sila li te vin mare tèt li a,
Men si nan jou ke mari li tande sa a, li anpeche li; alò, li va anile ve ke li anba li a, ak sèman ki te manke sajès pa sila li te mare tèt li a. SENYÈ a va padone li.