Kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin adore Bondye. Jou sa a, pèsonn p'ap gendwa fè okenn gwo travay. N'a fè yon fèt pou Senyè a pandan sèt jou.
Jéroboam te etabli yon fèt nan di-zuityèm mwa, sou kenzyèm jou nan mwa a, tankou fèt ki nan Juda a, e li te monte vè lotèl la. Konsa li te fè nan Béthel e li te fè sakrifis a ti bèf ke li te fè yo. Anplis, li te estasyone Béthel prèt pou wo plas ke li te fè yo.
Yo te selebre Fèt Tonèl yo kon sa ekri a, e te fè fòs kantite ofrann brile ki te etabli chak jou yo, selon obligasyon chak jou ke òdonans lan egzije yo;
Li te li soti nan liv lalwa a chak jou, soti nan premye jou a, jis rive nan dènye jou a. Yo te selebre fèt la pandan sèt jou, e nan uityèm jou a, te gen yon asanble solanèl selon òdonans lan.
Osi nou va obsève fèt Mwason Premye Fwi a travay nou yo, nan sa ke nou te simen nan chan, anplis, fèt rekòlt nan fen ane a lè nou fin ranmase tout fwi travay nan jaden nou yo.
“‘Alò, nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va osi fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. Li va pou nou yon jou pou soufle twonpèt.
Nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a: trèz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, ki san defo;