Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 29:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 yon mal kabrit pou yon ofrann peche, anplis ke ofrann peche pou ekspiyasyon an, epi ofrann brile ki fèt tout tan an, avèk ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 N'a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche anplis ofrann bèt pou touye pou gran jou padon an, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo ak ofrann bwason ki mache ak yo a.

Gade chapit la Kopi




Nonb 29:11
10 Referans Kwoze  

Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.


“Aaron va antre nan lye sen an avèk yon towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile.


Li va pran soti nan asanble Israël la de mal kabrit kòm yon ofrann peche ak yon belye kòm yon ofrann brile.


Alò, Aaron va ofri kabrit la sou sila osò SENYÈ a tonbe a, e fè li vin yon ofrann peche.


yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo;


anplis, ofrann brile a lalin nèf yo avèk ofrann sereyal li, ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal li, ofrann bwason pa li, selon òdonans pa yo, pou yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.


ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite