Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt, men sila k ap tann SENYÈ yo, va vin genyen peyi a kon eritaj yo.
Nonb 26:65 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske, SENYÈ a te di a yo menm: “Yo va, anverite, mouri nan dezè a.” Epi pa menm youn nan yo te rete, sof ke Caleb, fis a Jephaunné a avèk Josué, fis a Nun nan. 1998 Haïtienne Paske Senyè a te di yo tout gen pou mouri nan dezè a. Yo tout te mouri vre, esèpte Kaleb, pitit gason Jefoune a ak Jozye, pitit gason Noun lan. |
Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt, men sila k ap tann SENYÈ yo, va vin genyen peyi a kon eritaj yo.
Alò, fis Israël yo te vwayaje soti nan Ramsès rive Succoth, anviwon sis-san-mil òm apye, san kontwole timoun.
Mwen, SENYÈ a te pale. Se vrèman sa Mwen va fè a tout kongregasyon mechan sila ki rasanble kont Mwen an. Nan dezè sa a, yo va vin detwi, e la yo va mouri.”
Men Josué, fis Nun nan ak Caleb, fis a Jephaunné a te rete vivan pami sila ki te ale fè espyonaj peyi a.
“Papa nou te mouri nan dezè a. Malgre sa, li pa t pami konpanyen a sila ki te rasanble yo menm kont SENYÈ a nan konpanyen a Koré yo, men li te mouri nan pwòp peche pa li. E li pa t gen fis.
Konsa, byen gade bonte ak severite Bondye a. Anvè sila ki tonbe yo, severite, men pou ou menm, bonte Li, si ou kontinye nan bonte Li. Otreman, l ap retire ou tou.
Sof ke Caleb, fis a Jephunné a. Li va wè li. A li menm avèk fis li yo Mwen va bay peyi kote li te mete pye li akoz li te swiv SENYÈ a nèt.’
Men rezon pou sila Josué te sikonsi yo a: tout pèp la ki te sòti an Égypte nan gason yo, tout mesye lagè yo, te mouri nan dezè a nan wout lè yo fin kite Égypte.
Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè.