Nonb 24:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi li te gade Kenizyen nan, li te reprann diskou li e li te di: “Kote ou rete a, gen andirans. Nich kote ou chita nan falèz la. 1998 Haïtienne Apre sa, Balaram wè moun Kayen yo nan vizyon l lan. Li bay mesay sa a, li di konsa: — Kote ou rete a ou byen pwoteje. Ou ta di yon nich poze sou tèt yon gwo falèz. |
Konsa, mwen te reflechi, “Mwen va mouri nan pwòp kay mwen, e mwen va kontwole jou m yo anpil tankou sab.”
Desandan Kenyen yo, bòpè Moïse la, te monte soti nan vil pal yo avèk fis Juda yo. Yo soti nan dezè a Juda ki vè sid Arad la, epi yo te monte pou rete avèk pèp sila yo.
Saül te di a Kenyen yo: “Ale, sòti kite Amalekit yo pou m pa detwi nou ansanm avèk yo; paske nou te montre favè nou anvè tout fis Israël yo lè yo te monte soti an Égypte.” Konsa, Kenyen yo te sòti nan mitan Amalekit yo.