Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li, se konsa yon madichon san koz p ap poze.
Nonb 23:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kijan mwen kapab modi, lè Bondye pa t modi? Epi kijan mwen kapab denonse sila ke SENYÈ a pa t denonse? 1998 Haïtienne Men, ki jan ou ta vle pou m madichonnen moun Bondye pa madichonnen? Ki jan ou ta vle pou m kraponnen moun Bondye pa kraponnen? |
Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li, se konsa yon madichon san koz p ap poze.
ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo; ki te devwale divinò yo tankou moun fou, ki te fè mesye saj yo rale fè bak, pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli;
Alò, pou sa, silvouplè, vin mete yon madichon sou pèp sa a pou mwen; paske, yo twò pwisan pou mwen. Petèt mwen kapab fin bat yo, e pouse yo ale deyò peyi a. Paske mwen konnen ke sila ke ou beni an, beni, e sila ke ou modi a, modi.”
Gade byen, mwen te resevwa lòd pou beni. Lè se Li menm ki beni, alò, mwen p ap kab revoke sa.
Paske, nanpwen wanga kont Jacob, ni pa gen divinasyon kont Israël. Nan tan etabli a, li va pale a Jacob, e a Israël de sa Bondye te fè a!
Balaam te pran diskou li, e te di: “Depi nan Aram, Balak te mennen m, wa Moab ki soti nan mòn Lès yo. ‘Vin modi Jacob pou mwen. Vin denonse Israël!’