Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 23:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Balaam te pran diskou li, e te di: “Depi nan Aram, Balak te mennen m, wa Moab ki soti nan mòn Lès yo. ‘Vin modi Jacob pou mwen. Vin denonse Israël!’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Lèfini, li pran chante chante sa a: — Balak fè m kite peyi m, peyi Aram. Wa Mowab la fè m desann sòti nan mòn bò solèy leve yo. Li di m: Vini non! Vin bay moun Jakòb yo madichon. Vini non! Vin kraponnen moun Izrayèl yo.

Gade chapit la Kopi




Nonb 23:7
31 Referans Kwoze  

Fis a Sem yo te Élam, Assur, Arpacschad, Lud, avèk Aram.


“Leve ale Paddan-Aram, lakay Bethuel, papa a manman ou. De la, pran yon madanm pami fi a Laban yo, frè manman ou an.


epi ke Jacob te obeyi papa li, ak manman li, li te ale Paddan-Aram.


Lè li te leve tèt li kont Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te frape li.


Apre li menm, se Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la. Li te youn nan twa gèrye ki te, ansanm ak David yo, ki te konfwonte Filisten ki te rasanble pou batay yo, lè lòt mesye Israël yo te fè bak yo.


Alò, Job te kontinye diskou li. Li te di:


Ankò, Job te reprann diskou. Li te di:


Poukisa mwen ta gen krent nan move jou yo, Lè inikite a lènmi m yo antoure m?


Mwen va ouvri bouch mwen avèk yon parabòl. Mwen va pale pawòl fonse a tan ansyen yo,


Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li, se konsa yon madichon san koz p ap poze.


“Fis a lòm, pwopoze yon devinèt e pale yon parabòl a lakay Israël.


Epi mwen te di: “O Senyè BONDYE! Y ap di de mwen: ‘Èske se pa parabòl sèlman l ap pale?’”


Nan jou sa a, yo va fè leve kont nou yon pawòl; mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris. Yo va di: ‘Nou fin detwi nèt! Li divize eritaj a pèp mwen an. A la retire, Li retire l nan men mwen! Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’”


“Èske tout moun sa yo p ap Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a sila ki ogmante sa ki pa pou li— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak chantay li yo?”


‘Gade byen, gen yon pèp ki sòti an Égypte, yo kouvri sifas peyi a. Alò, vin modi yo pou mwen. Petèt mwen kapab goumen kont yo, e pouse yo deyò.’”


paske vrèman, mwen va onore ou anpil. Mwen va fè nenpòt sa ou mande mwen. Alò, souple, vin modi pèp sa a pou mwen.’”


Alò, li te pran diskou li. Li te di: “Leve ou menm, O Balak, pou tande! Ban m zòrèy ou, O fis a Tsippor!


Konsa, li te retounen kote li. E gade byen, Balak te kanpe bò kote ofrann brile li a; li menm avèk tout chèf Moab yo.


Li te reprann diskou li e te di: “Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a, e pòt pawòl a nonm avèk zye louvri a di,


Epi li te gade Kenizyen nan, li te reprann diskou li e li te di: “Kote ou rete a, gen andirans. Nich kote ou chita nan falèz la.


Epi li te vin reprann diskou li. Li te di: “Ay, kilès ki ka viv lè Bondye fè sa a?


Li te reprann diskou li e te di: “Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a, Pòt pawòl a nonm ki gen zye louvri a;


Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”


Se te pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt yo lè yo te di: “Mwen va ouvri bouch Mwen an parabòl; Mwen va eksprime sekrè ki kache depi fondasyon mond sa a.”


Konsa, yo t ap chache sezi li; malgre yo te pè foul la, paske yo te konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm. Konsa, yo te kite Li e te ale.


akoz yo pa t vin jwenn nou avèk manje ak dlo lè nou te sòti an Égypte la, epi akoz yo te achte sèvis Balaam, fis Beor ki sòti Pethor nan Mésopotamie pou modi nou.


Ankò, Filisten an te di: “Mwen defye tout ranje lame Israël la nan jou sila a! Ban m yon nonm pou nou kab goumen ansanm!”


Sèvitè ou an gen tan touye ni lyon ni lous. Epi Filisten ensikonsi sila a va tankou youn nan yo, akoz li te meprize lame Bondye vivan an.”


Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite