Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”
Nonb 22:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi Bondye te vini a Balaam, e Li te di: “Ki moun sa yo ye ki avèk ou la a?” 1998 Haïtienne Bondye vin bò kote Balaram, li di l konsa: — Ki moun sa yo ki lakay ou a? |
Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”
Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”
Bondye te parèt a Laban, Arameyen an, nan yon rèv nan nwit lan. Li te di li: “Fè atansyon pou ou pa pale a Jacob ni byen, ni mal.”
Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”
Alò, Joseph te di a Farawon: “Rèv a Farawon yo se yon sèl ke yo ye; Bondye te di a Farawon kisa ki prèt pou fèt.
Jan ou te wè ke yon wòch te taye sòti sou yon mòn san sèvi ak men moun e ke li te kraze fè a, bwonz lan, ajil la, ajan an, ak lò a gran Bondye a te fè konnen a wa a sa ki va rive nan tan k ap vini an. Donk, rèv la vrè e entèpretasyon li fèt ak fidelite.”
Balaam te di a Bondye: “Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la te voye yon pawòl ban mwen.
Bondye te vin kote Balaam nan aswè. Li te di li: “Si mesye sa yo ta vin rele ou, leve ale avèk yo; men se sèlman pawòl ke M pale avèk ou a ke ou va fè.”
Li te di yo: “Pase nwit lan isit la, e mwen va pote yon pawòl bannou jan SENYÈ a kab petèt pale avè m.” Epi dirijan Moab yo te rete avèk Balaam.
Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo.
Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’
Alò li pa t di sa pou kont li, men akoz ke li te wo prèt nan lane sa a, li t ap fè pwofesi ke Jésus t ap mouri pou nasyon an.