Epi Bondye te ouvri zye l, e li te wè yon pwi dlo. Li te ale plen po a avèk dlo, e li te bay jènjan an bwè ladann.
Nonb 21:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Soti la, yo rive jis nan Beer, ki se pwi kote SENYÈ a te di Moïse, reyini pèp la pou Mwen kapab bay yo dlo a.” 1998 Haïtienne Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y'al yon kote yo rele Beyè. Se la Senyè a te pale ak Moyiz, lè li te di l: Reyini tout pèp la. Mwen pral ba yo dlo. |
Epi Bondye te ouvri zye l, e li te wè yon pwi dlo. Li te ale plen po a avèk dlo, e li te bay jènjan an bwè ladann.
Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo.
Paske kri anmwey la fin kouri ale antoure peyi Moab la. Plenyen li an rive jis Egalïm, e lamantasyon li an jis Beer-Élim.
Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm, chen mawon nan chan yo ak otrich yo, akoz Mwen te bay dlo nan savann nan e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè.
Yo p ap grangou, ni soufri swaf, ni solèy ki brile p ap frape yo; Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va mennen yo e va gide yo rive nan sous dlo yo.
“Pran baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.”
Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”
Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”
Answit, Li te di mwen: “Mwen se Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak lafen an. Mwen va bay a sila ki swaf yo nan sous dlo lavi a san frè.
Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an,
Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.
Konsa, Jotham te sove ale pou te chape ale Beer e te rete la akoz Abimélec, frè li a.