Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 20:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Pran baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 — Pran baton ki sou devan Bwat Kontra a. Lèfini, ou menm ak Arawon, frè ou la, sanble tout pèp la. Epi devan yo tout, w'a pale ak wòch ki bò laba a, wòch la va bay dlo. Se konsa w'a fè dlo sòti nan wòch la pou pèp la, pou yo tout ka bwè ansanm ak bèt yo.

Gade chapit la Kopi




Nonb 20:8
31 Referans Kwoze  

“Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”


Ou te founi pen soti nan syèl la pou grangou yo, epi Ou te mennen dlo soti nan yon wòch pou yo menm, pou swaf yo, epi Ou te di yo antre ladann nan peyi ke Ou te sèmante pou bay yo pou posede a.


Li te ouvri wòch la e dlo te sòti ladann. Li te koule kote sèch yo tankou yon rivyè.


Ki te fè wòch la devni yon ma dlo, wòch silèks la yon sous k ap koule.


Paske Li te pale e mond lan te fèt. Li te kòmande e li te kanpe fèm.


Epi pou ou menm, leve baton ou an anlè. Lonje men ou sou lanmè a pou fann li. Konsa, fis Israël yo va pase nan mitan lanmè a sou tè sèch.


Konsa, Moïse te di a Josué: “Chwazi mesye yo pou nou, e sòti pou batay kont Amalèk. Demen mwen va vin estasyone Mwen menm nan do kolin nan avèk baton a Bondye a nan men m.”


Ou va pran nan men ou baton sila a; avèk li ou va fè sign yo.”


SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?” Epi li te di: “Yon baton.”


Moïse te pran madanm li avèk fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l.


Moïse avèk Aaron te fè sa ke SENYÈ a te kòmande yo a. Li te leve baton an wo e li te frape dlo ki te nan Nil lan, devan zye a Farawon, devan zye a sèvitè li yo, e tout dlo ki te nan Nil lan te vin tounen san.


Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm, chen mawon nan chan yo ak otrich yo, akoz Mwen te bay dlo nan savann nan e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè.


Yo pa t swaf lè Li te mennen yo travèse dezè yo. Li te fè dlo sòti nan wòch pou yo; Li te fann wòch la e dlo te vin pete.


Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè.


Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:


ak pant ki rive nan ravin sèch yo ki rive jis nan kote Ar la e ki touche nan lizyè Moab la.”


Pwi a ke prens yo nan pèp la te fouye, Avèk baton wayal ak Baton soutyen pa yo.” Epi soti nan dezè a, yo te kontinye a Matthana,


Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt.


Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”


“Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.


Sa yo avèk yon sèl panse yo t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.


Alò, pèp la te rele fò, prèt yo te soufle twonpèt yo. Lè pèp la te tande son twonpèt la, yo te rele fò avèk yon gwo kri, epi miray la te tonbe plat. Epi konsa, pèp la te antre nan vil la, tout mesye toudwat pou yo te pran vil la.


Li va vin rive ke lè yo fè yon gwo son avèk kòn belye a, lè nou tande son twonpèt la, tout pèp la va rele fò avèk yon gwo bri; epi miray vil la va tonbe plat e pèp la va monte, chak moun tou dwat.”


Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an,


Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite