Li va rive ke tankou zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an.
Nonb 21:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Soti la, yo te vwayaje pou te fè kan an sou lòt kote Arnon an, ki se nan dezè ki sòti nan lizyè Amoreyen yo, paske Arnon se te fwontyè Moab, antre Moab ak Amoreyen yo. 1998 Haïtienne Lè yo kite ravin Zerèd, y'al moute kan yo lòt bò larivyè Anon nan dezè ki rive jouk nan teritwa moun Amori yo. Rivyè Anon sa a te sèvi fontyè ant peyi Mowab ak peyi Amori a. |
Li va rive ke tankou zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an.
Moab fin fè wont nèt, paske li fin kraze nèt. Fè gwo kri, rele anmwey! Deklare akote Rivyè Arnon an ke Moab te fin detwi.
Lè Balak te tande ke Balaam t ap vini, li te sòti pou rankontre li nan vil Moab la, ki nan fwontyè Arnon an, nan dènye pwent lizyè a.
“‘Koulye a, leve travèse ravin Zéred la, nou menm.’ Konsa, nou te travèse ravin Zéred la.
“Leve, pati, e pase nan vale Arnon an. Gade! Mwen te bay Sihon, Amoreyen an, wa a Hesbon avèk peyi pa l nan men nou. Kòmanse pran posesyon an e atake li pou fè lagè.
Epi yo te pase nan dezè a pou evite peyi Édom avèk Moab la. Yo te rive nan lizyè lès a Moab la e yo te fè kan an lòtbò Arnon an, men yo pa t antre nan teren Moab la, paske Arnon an se te lizyè Moab.