Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 22:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Lè Balak te tande ke Balaam t ap vini, li te sòti pou rankontre li nan vil Moab la, ki nan fwontyè Arnon an, nan dènye pwent lizyè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

36 Lè Balak vin konnen Balaram t'ap vini, li pati, l'al kontre l jouk Ar-Mowab, yon lavil sou fontyè bò larivyè Anon an.

Gade chapit la Kopi




Nonb 22:36
14 Referans Kwoze  

Apre Abram te sòti nan masak Kédorlaomer ak wa ki te avè l yo, wa Sodome nan te sòti pou rankontre l nan vale Schavé a, (sa vle di Vale a Wa a).


Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.


Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël. Depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li te kriye nan kou li pandan anpil tan.


Alò, Moïse te sòti pou rankontre bòpè li. Li te bese ba e li te bo li, epi yo chak te mande lòt kijan yo te ye, epi yo te antre nan tant la.


Li va rive ke tankou zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an.


Moab fin fè wont nèt, paske li fin kraze nèt. Fè gwo kri, rele anmwey! Deklare akote Rivyè Arnon an ke Moab te fin detwi.


Men zanj SENYÈ a te di a Balaam: “Ale avèk mesye sa yo, men ou va pale, sèlman, pawòl ke Mwen di ou yo.” Konsa Balaam te ale avèk chèf Balak yo.


Epi Balak te di a Balaam: “Èske mwen pa t voye kote ou an ijans? Poukisa ou pa t vin kote mwen? Èske, vrèman, mwen pa kapab onore ou?”


Epi frè fidèl yo, lè yo te tande de nou, te vini la soti nan distans pou rive nan Mache Appuis la avèk Twa Tavernes pou rankontre nou. Lè Paul te wè yo, li te remèsye Bondye e te pran kouraj.


“Leve, pati, e pase nan vale Arnon an. Gade! Mwen te bay Sihon, Amoreyen an, wa a Hesbon avèk peyi pa l nan men nou. Kòmanse pran posesyon an e atake li pou fè lagè.


“Konsa, nou te pran peyi a nan tan sa a nan men wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon an.


Epi yo te pase nan dezè a pou evite peyi Édom avèk Moab la. Yo te rive nan lizyè lès a Moab la e yo te fè kan an lòtbò Arnon an, men yo pa t antre nan teren Moab la, paske Arnon an se te lizyè Moab.


Lè li te fin ofri ofrann brile yo, men vwala, Samuel te vini. Epi Saül te parèt deyò pou rankontre li e salye li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite