Nonb 2:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa fis a Israël te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, yo te fè kan bò kote drapo pa yo, e konsa yo te sòti, yo chak avèk pwòp fanmi pa yo selon lakay zansèt papa yo. 1998 Haïtienne Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Senyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo moute kan yo, chak divizyon apa, anba labànyè pa yo. Lè y'ap deplase, yo mache pa divizyon, chak moun ansanm ak branch fanmi zansèt yo. |
Alò, fis Israël yo te fè tout travay la selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.
“Fis Israël yo va fè kan, chak mesye bò kote kan pa li, e chak mesye bò drapo pa li, selon lame yo.
Se konsa ke fis Israël yo te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, konsa yo te fè.
Konsa, fis Israël yo te pati nan vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tan nan dezè Paran an.
Fis Israël yo va fè kan, chak bò kote pwòp drapo pa yo, avèk drapo lakay papa zansèt pa yo. Yo va fè kan antoure tant asanble a, a yon distans.
Malgre sa, Levit yo pa t konte pami fis Israël yo, jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Li pa t wè malè nan Jacob, ni Li pa t wè twoub nan Israël. SENYÈ a, Bondye li a avè l, epi gran vwa a yon wa pami yo.
Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te wè Israël ki t ap fè kan, tribi pa tribi; epi Lespri Bondye te vini sou li.
Alò sa yo se chif desandan a Aaron avèk Moïse nan tan lè SENYÈ a te pale avèk Moïse sou Mòn Sinaï a.
Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.