Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Nonb 16:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men si SENYÈ a fè vin parèt yon bagay tounèf, tè a vin ouvri bouch li pou vale yo nèt avèk tout sa ki pou yo, e yo desann tou vivan kote mò yo ye a, alò, konsa, nou va konprann ke mesye sila yo te meprize SENYÈ a.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men, si Senyè a fè bagay nou poko janm wè, si li fè tè a louvri pou l vale moun sa yo ansanm ak tou sa ki pou yo, kifè y'ap desann tou vivan nan peyi kote mò yo ye a, n'a konnen se Senyè a menm yo t'ap derespekte konsa.

Gade chapit la



Nonb 16:30
12 Referans Kwoze  

Paske se kisa ki pòsyon Bondye soti anwo a, ak eritaj a Toupwisan an soti anwo a?


Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo, ak yon dezas pou sila ki fè inikite yo?


Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan, lè kòlè yo te limen kont nou an.


Pou sa a Kite lanmò rive sibitman sou yo. Kite yo desann tou vivan kote mò yo ye. Paske mechanste a nan abitasyon yo, pami yo, kote yo rete a.


Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim. Li va fache tankou nan vale Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt, e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li.


Gade byen, Mwen va fè yon bagay tounèf; koulye a, li va pete vin parèt. Èske nou p ap rekonèt li? Menm yon chemen nan dezè a Mwen va fè, ak rivyè yo nan dezè a.


Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li. Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M e mete tout lame selès pa yo an lòd.


Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a, ki fè bonè e ki kreye malè. Mwen se SENYÈ a, ki fè tout sila yo.


Pou konbyen de tan ou va fè ale retou, O fi ki enfidèl? Paske SENYÈ a te fè yon bagay nèf sou latè: yon fanm va antoure yon nonm.”


pou tout pyebwa akote dlo yo pa ka vin leve tèt yo wo nan wotè yo. Pwisan pa yo p ap mete tèt yo pami nwaj yo, menm sa yo akote sous dlo yo pa ka kanpe dwat nan wotè yo. Paske yo tout te livre a lanmò, pou rive anba tè pami fis a lòm yo, ak sila ki desann nan twou fòs yo.’


Pandan li te fin pale tout pawòl sa yo, tè ki te anba yo a te fann e li te ouvri.


Konsa, yo menm avèk tout sa ki te pou yo, te desann vivan nan sejou mò yo. Tè a te vin fèmen sou yo, e yo te peri nan mitan asanble a.