Nonb 15:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “‘Oswa pou yon belye, ou va prepare kòm yon ofrann sereyal, de dizyèm efa farin fen mele avèk yon tyè boutèy lwil; 1998 Haïtienne Lè se yon belye mouton n'ap ofri, se va katòz ti mamit farin frans melanje avèk twa boutèy ka plen lwil oliv n'a ofri pou ofrann grenn ki donnen nan jaden, |
sila ki prezante ofrann li an, va prezante bay SENYÈ a yon ofrann sereyal de yon dizyèm efa farin fen mele avèk yon ka lwil.
Ou va prepare diven pou ofrann bwason an, yon ka boutèy, avèk ofrann brile a oswa pou sakrifis la, pou chak jenn mouton.
epi pou ofrann bwason an, ou va ofri yon tyè boutèy diven kòm yon odè santi bon a SENYÈ a.