Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 15:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Ou va prepare diven pou ofrann bwason an, yon ka boutèy, avèk ofrann brile a oswa pou sakrifis la, pou chak jenn mouton.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lè n'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Senyè a, n'a ofri de boutèy ka plen diven pou chak ti mouton n'ap ofri.

Gade chapit la Kopi




Nonb 15:5
18 Referans Kwoze  

Te gen osi anpil ofrann brile avèk grès a ofrann lapè yo, avèk ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò.


Pou sa, avèk lajan sa a, nou va, avèk swen, achte towo, belye, jenn mouton avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, e ofri yo sou lotèl lakay Bondye nou an ki Jérusalem nan.


Mwen va leve wo koup sali a, e rele non SENYÈ a.


epi va genyen yon dizyèm efa (22 lit) farin fen, mele avè l yon ka in (22 lit) nan lwil ki bat, ak yon ka nan in (22 lit) diven kòm yon ofrann bwason avèk yon jèn mouton.


Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm! Wa a mennen m nan chanm li yo. “Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan; nou va leve lanmou ou wo plis pase diven. Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”


“‘Men si ofrann li an sòti nan bann bèt la, mouton oswa kabrit kòm yon ofrann brile, li va ofri li yon mal, san defo.


Ofrann sereyal li, alò, va 2 dizyèm yon efa farin melanje avèk lwil, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, yon bagay santi bon, avèk ofrann bwason li, yon ka in diven.


“‘Men si ofrann li an pou yon sakrifis ofrann lapè pou SENYÈ a, sòti nan bann bèt la, li va ofri li, mal oswa femèl san defo.


Si li pral ofri yon jenn mouton pou ofrann li an, alò, li va ofri li devan SENYÈ a.


Paske a la gran, bonte Li va gran, e a la gran, bèlte Li va gran! Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere ak diven nèf pou vyèj yo.


Konsa, li va fèt pou chak bèf, oswa chak belye, oswa chak nan jenn mouton mal yo, oswa kabrit yo.


“‘Oswa pou yon belye, ou va prepare kòm yon ofrann sereyal, de dizyèm efa farin fen mele avèk yon tyè boutèy lwil;


Ofrann bwason pa yo a va avèk yon mwatye hin diven pou yon towo, yon tyè hin pou belye a, ak yon ka hin pou yon jenn mouton. Sa se ofrann brile a pou chak mwa pandan tout mwa nan ane yo.


Epi ofrann bwason li va yon ka hin lwil pou chak mouton. Ou va vide yon ofrann bwason ak bwason fò a SENYÈ a, nan plas ki sen an.


Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon bwason k ap ofri kòm sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.


Paske mwen deja ap vide kòm yon ofrann bwason, e lè pou m ale a gen tan rive.


“Men pye rezen an te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite diven nèf mwen ki fè kè Bondye ak kè lezòm kontan, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa?’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite