Nonb 14:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi tout kongregasyon an te leve vwa yo pou te rele, e pèp la te kriye nan nwit lan. 1998 Haïtienne Lè sa a, pèp la pran rele byen fò, yo pase tout nwit la ap kriye san rete. |
Alò, lè Farawon te kite pèp la ale, Bondye pa t Mennen yo pa wout peyi Filisten yo, malgre li te toupre. Paske Bondye te di: “Pèp la kab petèt chanje lide yo lè yo wè lagè, pou yo retounen an Égypte.”
Lè pèp la te tande pawòl tris sa yo, yo te antre nan gwo doulè, e pèsòn pa t abiye avèk òneman yo.
La, osi, nou te wè jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.”
Tout fis Israël yo te bougonnen kont Moïse ak Aaron. Tout kongregasyon an te di yo: “Pito ke nou te mouri nan peyi Égypte la! O pito nou te mouri nan dezè sa a!
Konsa, nou te retounen pou te kriye fò devan SENYÈ a; men SENYÈ a pa t koute vwa nou, ni bannou zòrèy Li.
Lè SENYÈ a te voye nou soti Kadés-Barnéa, Li te di: ‘Ale monte pou posede tè ke mwen te bannou an.’ Men nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa t kwè Li, ni koute vwa Li.
Sepandan, frè m ki te monte avè m yo te fè kè a pèp la fann avèk laperèz; men Mwen te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.”
Alò David avèk moun ki te avè l yo te leve vwa yo e te kriye jiskaske yo pa t gen fòs nan yo pou kriye.