Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 1:45 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

45 Konsa, nou te retounen pou te kriye fò devan SENYÈ a; men SENYÈ a pa t koute vwa nou, ni bannou zòrèy Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

45 Lè nou tounen, nou kriye nan pye Senyè a, men Senyè a a pat koute sa nou t'ap di l, li pat pran ka nou.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 1:45
9 Referans Kwoze  

Paske nou konnen ke menm apre sa, lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.


Lè Li te touye yo, nan lè sa a, yo te chache Li. Yo te retounen chache Li ak dilijans.


Answit, Li te kòmanse avèk Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.


Nou konnen ke Bondye pa tande pechè yo, men si nenpòt moun gen lakrent Bondye, e fè volonte L, l ap koute li.


Paske ki espwa sila ki san Bondye a genyen lè l koupe retire nèt, lè Bondye fè l oblije bay lavi li?


Èske Bondye va tande kri li lè malè rive li?


Si mwen gade inikite nan kè m, Senyè a p ap koute mwen.


men nou te neglije tout konsèy mwen yo, e nou pa t vle tande repwòch mwen;


Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn. Yo va chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite