Li te pale ak yo nan pilye nwaj la. Yo te kenbe temwayaj Li yo, avèk règleman ke Li te bay yo.
Nonb 12:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi SENYÈ a te desann nan yon pilye nwaj. Li te kanpe nan pòtay tant asanble a, e Li te rele Aaron avèk Marie. Yo toude te vin avanse. 1998 Haïtienne Senyè a desann nan yon gwo nyaj ki te gen fòm yon poto. Li kanpe nan papòt tant lan, li rele Arawon ak Miryam ki pwoche vin jwenn li. |
Li te pale ak yo nan pilye nwaj la. Yo te kenbe temwayaj Li yo, avèk règleman ke Li te bay yo.
SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, Mwen va vini kote ou nan yon nwaj byen fonse, pou pèp la kapab tande lè M pale avèk ou, e pou yo kapab kwè nan ou pou tout tan.” Alò, Moïse te di SENYÈ a pawòl a pèp la.
SENYÈ a te desann nan nyaj la, e Li te kanpe la avèk li pandan li t ap rele non SENYÈ a.
Paske pandan tout vwayaj yo, nyaj SENYÈ a te sou tabènak la nan lajounen, e li te gen dife ladann lannwit, devan zye a tout kay Israël la.
Alò, SENYÈ a te vin desann nan nwaj la, e Li te pale avèk li. Li te pran nan Lespri ki te sou li a, e li te plase Li sou swasann-dis ansyen yo. Epi lè Lespri a te poze sou yo, yo te pwofetize. Men yo pa t fè sa ankò.
Sibitman, SENYÈ a te di a Moïse ak Aaron avèk Marie: “Nou twa a, vin sòti nan tant asanble a”. Alò, yo twa a te sòti.