Nonb 11:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pandan vyann nan te toujou nan dan yo, avan yo te menm moulen li, kòlè SENYÈ a te vin limen kont pèp la, e SENYÈ a te frape pèp la avèk yon epidemi byen sevè. 1998 Haïtienne Yo te fenk konmanse manje vyann, lè Senyè a fè kòlè sou pèp la, li lage yon sèl epidemi sou yo pou pini yo. |
Lè li plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li. Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje.
Men sila ki te mouri nan gwo epidemi yo te katòz-mil-sèt-san (14,700), anplis sila ki te mouri akoz Koré yo.
“SENYÈ a va frape nou avèk abse Égypte yo, avèk timè e avèk kal sou po nou, ak gratèl, nan sila p ap gen gerizon yo.