Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 17:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Konsa, Moïse te fè; jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, konsa li te fè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Moyiz fè jan Senyè a te ba li lòd fè a.

Gade chapit la Kopi




Nonb 17:11
6 Referans Kwoze  

Nenpòt lè yon konfli rive devan nou soti nan manm fanmi nou yo ki rete nan vil yo, antre san ak san, antre lalwa avèk kòmandman yo, règleman avèk òdonans yo, nou va avèti yo pou yo pa vin koupab devan SENYÈ a, e pou kòlè pa rive sou nou avèk fanmi nou.


“Epi li va touye kabrit ofrann peche ki pou pèp la. Li va mennen san li anndan vwal la, e li va fè avèk san li jan li te fè avèk san towo a. Li va flite li sou twòn pwopiyatwa a.


Li va fè ekspiyasyon pou lye sen an akoz salte fis Israël yo, akoz transgresyon pa yo avèk tout peche yo. Konsa, li va fè pou tant asanble ki rete avèk yo nan mitan tout salte pa yo.


Pandan vyann nan te toujou nan dan yo, avan yo te menm moulen li, kòlè SENYÈ a te vin limen kont pèp la, e SENYÈ a te frape pèp la avèk yon epidemi byen sevè.


Men SENYÈ a te di a Moïse: “Remete branch Aaron a devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri.”


Alò, fis Israël yo te pale avèk Moïse e te di l: “Gade byen, n ap mouri, nou tout ap mouri!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite